{"id":2147,"date":"2025-03-27T14:21:06","date_gmt":"2025-03-27T18:21:06","guid":{"rendered":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/?post_type=resource&#038;p=2147"},"modified":"2025-03-27T14:21:06","modified_gmt":"2025-03-27T18:21:06","slug":"jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid","status":"publish","type":"resource","link":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/","title":{"rendered":"Jan moun ka Vote nan Eta Florid"},"template":"","class_list":["post-2147","resource","type-resource","status-publish","hentry","resource_type-guide"],"acf":{"details":{"summary":"Enf\u00f2masyon ki rezime jan moun ka vote nan Florid, av\u00e8k lyen ent\u00e8n\u00e8t kote w ka jwenn zouti ak resous gouv\u00e8nman an mete pou sa.","featured_image":"","resource_type":161,"authors":"","related_issues":[100,402,109],"related_work":[111,255,169],"location":12},"sidebar":{"helper_enable_sidebar":false,"helper_media_contact":{"heading":"Media Contact","manually_enter_person":false,"person":"","name":"","role":"","phone":"","email":""},"helper_links_downloads":{"heading":"Links & Downloads","links":null}},"page_layout":[{"acf_fc_layout":"layout_wysiwyg","_acfe_flexible_toggle":"","component_wysiwyg":{"content":"<span style=\"font-weight: 400;\">Men yon rezime sa ou dwe konnen pou pwoteje v\u00f2t ou epi jwenn bilten v\u00f2t ou bezwen!<\/span>\r\n\r\n<span style=\"font-weight: 400;\">Pou w kab vote nan Eta Florid, ou dwe enskri omwen 29 jou anvan jou eleksyon an. Ou kapab enskri an liy ak yon lisans oswa kat idantite Eta Florid. Ale sou sit ent\u00e8n\u00e8t <\/span><a href=\"https:\/\/registertovoteflorida.gov\/home\"><span style=\"font-weight: 400;\">RegisterToVoteFlorida.gov<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\">.\u00a0<\/span>\r\n\r\n<span style=\"font-weight: 400;\">Apre w fin enskri, <\/span><b>ou kapab vote twa fason diferan<\/b><span style=\"font-weight: 400;\">: (1) an p\u00e8s\u00f2n nan jou eleksyon an, (2) an p\u00e8s\u00f2n nan sist\u00e8m pou moun vote avan jou eleksyon an (Early Voting), oubyen (3) voye bilten v\u00f2t ou ale pa lap\u00f2s (vote by mail). Kontinye lekti sa a pou w ka jwenn plis enf\u00f2masyon sou opsyon sa yo epi pou w konn ki dwa ou genyen nan kesyon vote!<\/span>\r\n\r\n<a href=\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resource\/formas-de-votar-en-florida\/\"><b><i>Para Espa\u00f1ol haga clic aqu\u00ed<\/i><\/b><\/a>\r\n\r\n<a href=\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/how-to-vote-in-florida\/\"><b><i>For English click here<\/i><\/b><\/a>"}},{"acf_fc_layout":"layout_wysiwyg","_acfe_flexible_toggle":"","component_wysiwyg":{"content":"<h3><b>Vote an p\u00e8s\u00f2n jou eleksyon an<\/b><\/h3>"}},{"acf_fc_layout":"layout_wysiwyg","_acfe_flexible_toggle":"","component_wysiwyg":{"content":"<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Biwo v\u00f2t yo ouv\u00e8 depi 7 \u00e8 di maten rive 7 \u00e8 di swa. Si w te gentan nan liy avan 7 \u00e8 di swa, ou gen dwa pou vote.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Ou dwe vote nan biwo v\u00f2t ki koresponn ak kote w rete a. <\/span><a href=\"https:\/\/dos.myflorida.com\/elections\/for-voters\/check-your-voter-status-and-polling-place\/voter-precinct-lookup\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">Ou ka verifye biwo v\u00f2t ou la a<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\">.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Ou dwe montre yon py\u00e8s idantite valab (ki pa ekspire) ki genyen foto w ak siyati w. Si sa neses\u00e8, ou kapab montre yon py\u00e8s ak foto w et yon l\u00f2t ak siyati w. Adr\u00e8s ki kapab nan py\u00e8s idantite w la <\/span><i><span style=\"font-weight: 400;\">pa<\/span><\/i><span style=\"font-weight: 400;\"> oblije menm ak adr\u00e8s ki sou enskripsyon elektoral ou a.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Gen 12 kalte <\/span><a href=\"https:\/\/drive.google.com\/file\/d\/1tLM_7Dgw-_YXhOYGKP2fKAETuby_W9Yq\/view\"><span style=\"font-weight: 400;\">py\u00e8s idantite Eta Florid asepte pou moun k ap vote (nimewo 2)<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\">:<\/span>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Lisans chof\u00e8 nan Eta Florid<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kat idantite Eta Florid ki soti nan s\u00e8vis sikilasyon Eta a<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Pasp\u00f2 ameriken<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kat debi oswa kat kredi<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kat idantite milit\u00e8<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kat etidyan<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kat idantite yon sant retr\u00e8t<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kat manm asosiyasyon katye\u00a0<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kat asistans sosyal (Kat w\u00e8lf\u00e8)<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kat idantite ansyen konbatan ki soti nan Depatman Ansyen Konbatan<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Lisans pou moun pote zam sou yo, yo resevwa dapr\u00e8 seksyon 790.06<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kat anplwaye leta gouv\u00e8nman federal bay<\/span><\/li>\r\n<\/ul>\r\n<\/li>\r\n<\/ul>\r\n<i><span style=\"font-weight: 400;\">Si ou fenk chanje kote ou rete anndan Eta Florid, ou kapab vote nan biwo v\u00f2t ki matche ak nouvo adr\u00e8s ou a. Ou kapab f\u00e8 chanjman adr\u00e8s nenp\u00f2t moman si w <\/span><\/i><a href=\"https:\/\/dos.elections.myflorida.com\/supervisors\/\"><i><span style=\"font-weight: 400;\">rele biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon nan konte w la<\/span><\/i><\/a><i><span style=\"font-weight: 400;\">. Nan pi f\u00f2 ka, ou ka chanje adr\u00e8s ou dir\u00e8kteman nan biwo v\u00f2t la jou eleksyon an menm.<\/span><\/i>"}},{"acf_fc_layout":"layout_wysiwyg","_acfe_flexible_toggle":"","component_wysiwyg":{"content":"<h3><b>Vote avan jou eleksyon an (an p\u00e8s\u00f2n)<\/b><\/h3>"}},{"acf_fc_layout":"layout_wysiwyg","_acfe_flexible_toggle":"","component_wysiwyg":{"content":"<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kalandriye ak or\u00e8 pou vote avan jou eleksyon an, ansanm ak kote sa ka f\u00e8t kapab varye selon konte a ak kalte eleksyon an. Pou enf\u00f2masyon sou sa, ale sou <\/span><a href=\"https:\/\/dos.elections.myflorida.com\/supervisors\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">sit ent\u00e8n\u00e8t Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon an.<\/span><\/a><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Tout konte yo gen sist\u00e8m pou moun vote avan jou eleksyon an (ak opsyon pou samdi ak dimanch tou) depi se eleksyon nan nivo eta a oswa nan nivo federal. Men gen k\u00e8k konte oswa minisipalite ki <em>pa<\/em> bay opsyon vote avan jou eleksyon an pou eleksyon lokal yo.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Pandan v\u00f2t avan jou eleksyon an, elekt\u00e8 yo kapab vote nan NENP\u00d2T biwo v\u00f2t ki nan konte yo a. Se yon bon opsyon pou moun ki fenk demenaje.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Egzijans idantifikasyon pou moun k ap vote bon\u00e8 se menm ak egzijans pou moun k ap vote an p\u00e8s\u00f2n nan jou eleksyon an.<\/span><\/li>\r\n<\/ul>"}},{"acf_fc_layout":"layout_wysiwyg","_acfe_flexible_toggle":"","component_wysiwyg":{"content":"<h3><b>Vote pa lap\u00f2s<\/b><\/h3>"}},{"acf_fc_layout":"layout_wysiwyg","_acfe_flexible_toggle":"","component_wysiwyg":{"content":"<span style=\"font-weight: 400;\">Nenp\u00f2t elekt\u00e8 ki enskri nan Eta Florid kapab chwazi vote pa lap\u00f2s, san yo pa bezwen bay esplikasyon pou sa. Men yo dwe f\u00e8 demann lan pou yo ka resevwa bilten v\u00f2t la. Men tou yo ka toujou chanje lide yo apre epi ale nan yon biwo v\u00f2t swa avan swa nan jou eleksyon an.<\/span>\r\n\r\n<span style=\"font-weight: 400;\">Demann pou bilten v\u00f2t pou vote pa lap\u00f2s (VBM ann angle):<\/span>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Yo egzije moun ki vle vote pa lap\u00f2s f\u00e8 yon nouvo demann bilten pou vote pa lap\u00f2s apre chak eleksyon pou prezidan oswa chak eleksyon mwatye manda. <\/span><b>\u00a0<\/b><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Men fason ou ka f\u00e8 demann bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s nan <\/span><a href=\"https:\/\/dos.elections.myflorida.com\/supervisors\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon konte w la<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\">:<\/span>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Yon <\/span><a href=\"https:\/\/allvotingislocal.org\/how-to-vote-by-mail-in-florida\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">demann an liy<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> sou sit ent\u00e8n\u00e8t Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon an<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Yon <\/span><a href=\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/wp-content\/uploads\/sites\/8\/2023\/06\/SOE-Contacts.pdf\"><span style=\"font-weight: 400;\">demann pa telef\u00f2n<\/span><\/a> <span style=\"font-weight: 400;\">\u00a0nan biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon an<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Yon demann pa ekri oubyen pa im\u00e8l ou ka voye bay biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon an, l\u00e8 w ranpli <\/span><a href=\"https:\/\/www.miamidade.gov\/elections\/library\/forms\/vote-by-mail-ballot-request-cre.pdf\"><span style=\"font-weight: 400;\">f\u00f2m demann v\u00f2t pa lap\u00f2s pou tout Eta a<\/span><\/a><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Yon demann an p\u00e8s\u00f2n nan youn nan biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon an<\/span><\/li>\r\n<\/ul>\r\n<\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Men enf\u00f2masyon ou dwe bay nan demann ou an:<\/span>\r\n<ol>\r\n \t<li>non ou<\/li>\r\n \t<li><span style=\"font-weight: 400;\">adr\u00e8s p\u00e8manan ou<\/span><\/li>\r\n \t<li><span style=\"font-weight: 400;\">adr\u00e8s kote w ta renmen resevwa bilten v\u00f2t la (si l diferan ak adr\u00e8s p\u00e8manan ou)<\/span><\/li>\r\n \t<li><span style=\"font-weight: 400;\">dat nesans ou<\/span><\/li>\r\n \t<li><span style=\"font-weight: 400;\">Lisans oubyen kat idantite Eta Florid ou epi 4 d\u00e8nye chif nimewo sosyal ou<\/span><\/li>\r\n \t<li><span style=\"font-weight: 400;\">Si demann nan se pa ekri, ou dwe ajoute siyati w tou<\/span><\/li>\r\n<\/ol>\r\n<\/li>\r\n \t<li><span style=\"font-weight: 400;\">Yo <\/span><i><span style=\"font-weight: 400;\">pa<\/span><\/i><span style=\"font-weight: 400;\"> kab chanje adr\u00e8s kote yon bilten v\u00f2t te dwe ale pou voye l nan yon l\u00f2t adr\u00e8s, kon sa ou dwe asire w adr\u00e8s ou bay la se kote ou abitye resevwa l\u00e8t lap\u00f2s ou.<\/span><\/li>\r\n \t<li><span style=\"font-weight: 400;\">Si ou vle resevwa bilten v\u00f2t ou nan yon adr\u00e8s ki diferan ak sa ki nan dosye w nan biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon an, ou dwe f\u00e8 yon demann ekri pou sa ak siyati w, l\u00e8 w ranpli <\/span><a href=\"https:\/\/www.miamidade.gov\/elections\/library\/forms\/vote-by-mail-ballot-request-cre.pdf\"><span style=\"font-weight: 400;\">f\u00f2m demann v\u00f2t pa lap\u00f2s pou tout Eta a.<\/span><\/a><\/li>\r\n \t<li><span style=\"font-weight: 400;\">Elekt\u00e8 ki gen andikap kapab mande <\/span><a href=\"https:\/\/www.accessthevote.org\/wp-content\/uploads\/2022\/06\/Remote-Accessible-Vote-by-Mail.pdf\"><span style=\"font-weight: 400;\">bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s ki aksesib<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> kote yo kapab itilize teknoloji asistans pou yo ranpli li.<\/span><\/li>\r\n \t<li><b>Moun dwe f\u00e8 demann bilten v\u00f2t pou vote pa lap\u00f2s la 12 jou anvan jou eleksyon an, avan 5 \u00e8 nan apr\u00e8midi<\/b><span style=\"font-weight: 400;\">. Depi del\u00e8 sa a pase, yo ka toujou vote pa lap\u00f2s men yo dwe al pran bilten v\u00f2t la nan biwo sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon nan konte yo a, e yo ka oblije ranpli yon <\/span><a href=\"https:\/\/www.flrules.org\/gateway\/readRefFile.asp?refId=16595&amp;filename=DS-DE%20162%20%20Vote%20By%20Mail%20Delivery%20Affidavit%20Form.doc\"><span style=\"font-weight: 400;\">atestasyon eskiz ann ijans<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> (nou rek\u00f2mande w <\/span><a href=\"https:\/\/drive.google.com\/file\/d\/1WtDzBHgIs9BQlPdILWJ7XJ-CqDQ1fen5\/view?usp=sharing\"><span style=\"font-weight: 400;\">rele davans<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> si se sa w bezwen f\u00e8).<\/span><\/li>\r\n<\/ul>\r\nRanpli yon bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s epi voye l ale:\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">W ap resevwa bilten v\u00f2t la yon mwa kon sa anvan jou eleksyon an (oswa de twa jou apre demann ou si ou f\u00e8 l nan mwens pase yon mwa anvan jou eleksyon an). W ap kapab <\/span><a href=\"https:\/\/dos.myflorida.com\/elections\/for-voters\/check-your-voter-status-and-polling-place\/vote-by-mail-ballot-information-and-status-lookup\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">verifye bilten an an liy<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> pou konnen ki l\u00e8 yo te poste l pou ou.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Suiv tout enstriksyon ki vini av\u00e8k bilten an.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><b>Ou dwe siyen anvl\u00f2p pou voye bilten an tounen an! <\/b><span style=\"font-weight: 400;\">Nou rek\u00f2mande w ajoute nimewo telef\u00f2n ou pou sizanka Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon an bezwen kontakte w si ta gen yon pwobl\u00e8m.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><b>Ou dwe voye bilten an tounen avan 7 \u00e8 di swa nan jou eleksyon an!<\/b>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Poste li: Nou rek\u00f2mande w poste bilten an omwen 10 jou anvan jou eleksyon an pou l ka rive a tan. Dat lap\u00f2s montre ou poste l la pa sifi.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Al bay li:<\/span>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"3\"><span style=\"font-weight: 400;\">Nan nenp\u00f2t <\/span><a href=\"https:\/\/dos.elections.myflorida.com\/supervisors\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon nan konte w la<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> pandan l\u00e8 biwo (sa vo tou pou jou eleksyon an, ant 7 \u00e8 di maten ak 7 \u00e8 di swa).<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"3\"><span style=\"font-weight: 400;\">Nan yon estasyon v\u00f2t sekirize ki nan konte w la. Ou ka jwenn yo tout kote ki genyen s\u00e8vis pou moun vote avan jou eleksyon an (gen konte ki gen l\u00f2t kote an plis).<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"3\"><span style=\"font-weight: 400;\">Mande yon moun al bay li pou ou: Elekt\u00e8 kapab al depoze yon bilten v\u00f2t pou yon fanmi depre ak pou 2 l\u00f2t elekt\u00e8 nan chak eleksyon. Fanmi depre se mari, madanm, paran, pitit, granparan, pitit pitit, s\u00e8 ak fr\u00e8, b\u00e8lm\u00e8, b\u00f2p\u00e8, bofis, b\u00e8lfi, pitit bofis ak b\u00e8lfi, b\u00f2fr\u00e8 ak b\u00e8ls\u00e8.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"3\"><span style=\"font-weight: 400;\">Atansyon: Ou <\/span><i><span style=\"font-weight: 400;\">pa kapab<\/span><\/i><span style=\"font-weight: 400;\"> al depoze bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s nan yon biwo v\u00f2t regily\u00e8 nan jou eleksyon an, men ou ka chanje l epi vote an p\u00e8s\u00f2n.<\/span><\/li>\r\n<\/ul>\r\n<\/li>\r\n<\/ul>\r\n<\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><b>Ou kapab<\/b> <a href=\"https:\/\/dos.myflorida.com\/elections\/for-voters\/check-your-voter-status-and-polling-place\/vote-by-mail-ballot-information-and-status-lookup\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">verifye bilten an an liy<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> oubyen rele pou konnen l\u00e8 <\/span><a href=\"https:\/\/dos.elections.myflorida.com\/supervisors\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon an<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> resevwa li.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Si gen yon pwobl\u00e8m ak siyati w sou anvl\u00f2p bilten an, ou gen jiska 5 \u00e8 nan apr\u00e8midi, 2 jou apre eleksyon an pou w soum\u00e8t yon f\u00f2m ak koreksyon siyati a.<\/span><\/li>\r\n<\/ul>\r\n<b><i>Si w f\u00e8 demann yon bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s men ou pa resevwa li, ou kapab kontakte biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon konte w la pou yo voye yon l\u00f2t oubyen ou kapab al vote an p\u00e8s\u00f2n swa avan jou eleksyon an swa nan jou eleksyon an, nan biwo v\u00f2t ou a!<\/i><\/b>\r\n\r\n<span style=\"font-weight: 400;\">Si ou te f\u00e8 demann yon bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s men ou ta pito al vote an p\u00e8s\u00f2n oswa ou dwe vote an p\u00e8s\u00f2n, swa avan jou eleksyon an swa nan jou eleksyon an, sa posib. Pote bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s ou a nan biwo v\u00f2t nan z\u00f2n ou an epi rem\u00e8t li bay yon ajan elektoral. Yo va anile bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s la epi yo va ba ou yon bilten v\u00f2t an p\u00e8s\u00f2n. Si w pa gen bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s la av\u00e8 w, f\u00e8 ajan elektoral yo konn sa. Yo va tcheke enf\u00f2masyon an nan sist\u00e8m lan epi depi sist\u00e8m lan montre ou pa t ko soum\u00e8t bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s la, yo va ba w yon bilten v\u00f2t an p\u00e8s\u00f2n, pou w kapab vote sou plas. Si yo pa ka konfime enf\u00f2masyon ki kons\u00e8ne v\u00f2t pa lap\u00f2s ou a, ou va gen posiblite pou ou vote av\u00e8k yon bilten pwovizwa.<\/span>"}},{"acf_fc_layout":"layout_wysiwyg","_acfe_flexible_toggle":"","component_wysiwyg":{"content":"<h3><b>L\u00f2t dwa pou vote ou genyen<\/b><\/h3>"}},{"acf_fc_layout":"layout_wysiwyg","_acfe_flexible_toggle":"","component_wysiwyg":{"content":"<h4><b>Aks\u00e8 lengwistik<\/b><\/h4>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Elekt\u00e8 ki pa pale angle oubyen ki pa konn li genyen dwa pou yo chwazi yon l\u00f2t moun pou ede yo, depi l\u00f2t moun sa a se pa yon patwon oubyen yon manm sendika. Sa vo ni pou v\u00f2t an p\u00e8s\u00f2n ni pou v\u00f2t pa lap\u00f2s.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Tout konte nan Eta Florid dwe gen bilten v\u00f2t an pany\u00f2l.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Gen anpil l\u00f2t konte lalwa egzije pou yo bay matery\u00e8l ak enf\u00f2masyon an pany\u00f2l (Miami-Dade limenm dwe gen dokiman yo ni an pany\u00f2l ni an krey\u00f2l ayisyen tou).<\/span><\/li>\r\n<\/ul>\r\n<h4><b>Aks\u00e8 pou moun andikape<\/b><\/h4>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Elekt\u00e8 ki gen andikap gen dwa pou yo resevwa \u00e8d nan men nenp\u00f2t l\u00f2t moun yo chwazi, depi l\u00f2t moun sa a se pa ni yon patwon ni yon manm sendika.\u00a0 Sa vo ni pou v\u00f2t an p\u00e8s\u00f2n ni pou v\u00f2t pa lap\u00f2s.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Elekt\u00e8 ki gen andikap gen dwa pou yo vote an prive, yon fason endepandan sou apar\u00e8y v\u00f2t ki aksesib anndan biwo v\u00f2t yo. Chak biwo v\u00f2t sipoze genyen yon sist\u00e8m v\u00f2t ki aksesib pou elekt\u00e8 k ap vote ni nan jou eleksyon an ni avan jou eleksyon an.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Elekt\u00e8 ki gen andikap gen dwa pou yo jwenn <\/span><a href=\"https:\/\/www.accessthevote.org\/wp-content\/uploads\/2022\/06\/Remote-Accessible-Vote-by-Mail.pdf\"><span style=\"font-weight: 400;\">bilten v\u00f2t pa lap\u00f2s ki aksesib<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\">, epi ki p\u00e8m\u00e8t moun ki av\u00e8g oswa ki pa ka li byen pou yo s\u00e8vi ak \u00f2dinat\u00e8 pou ranpli bilten yo a an sekr\u00e8, yon fason endepandan epi moun ka verifye. Kontakte\u00a0 <\/span><a href=\"https:\/\/dos.elections.myflorida.com\/supervisors\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">Biwo Sip\u00e8viz\u00e8 eleksyon an<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\">\u00a0 pou w ka mande yon bilten v\u00f2t ki aksesib a distans.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Liy asistans nan Florid pou dwa andikape: 877-352-7337<\/span><\/li>\r\n<\/ul>\r\n<h4><b>Sitwayen ki jwenn reyens\u00e8syon nan sosyete a<\/b><\/h4>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Sitwayen ki jwenn reyens\u00e8syon yo nan sosyete a kapab enskri epi vote nan Florid depi yo ranpli kondisyon sa yo:<\/span>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Yo te kondane pou enfraksyon ki <\/span><i><span style=\"font-weight: 400;\">pa t<\/span><\/i><span style=\"font-weight: 400;\"> ni krim touye moun ni krim kadejak<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Yo konplete tan kondanasyon yo (sa enkli tan nan prizon, lib\u00e8te sou kondisyon, pwobasyon, ak l\u00f2t f\u00f2m sip\u00e8vizyon)<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"2\"><span style=\"font-weight: 400;\">Yo pa gen okenn d\u00e8t lajistis sou t\u00e8t yo (fr\u00e8, amann, s\u00f2m lajan, restitisyon) ki te f\u00e8 pati santans yo<\/span><\/li>\r\n<\/ul>\r\n<\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Kowalisyon ki rele \"Florida Rights Restoration Coalition (FRRC)\" genyen resous li mete disponib pou moun ki bezwen konnen si yo kalifye pou yo vote akoz yo te anba yon kondanasyon nan pase. Ou ka klike <\/span><a href=\"https:\/\/drive.google.com\/file\/d\/19uq7PX6faV_G01WW0mvR3TOZa1OTjmC8\/view?usp=sharing\"><span style=\"font-weight: 400;\">la a<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> pou w telechaje list verifikasyon FRRC pou kalifikasyon kapasite v\u00f2t sitwayen ki jwenn reyens\u00e8syon yo nan sosyete a.<\/span><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Sant pou f\u00e8 kanpay legalman gen zouti ent\u00e8raktif an liy sou <\/span><a href=\"https:\/\/campaignlegal.org\/restoreyourvote\"><span style=\"font-weight: 400;\">campaignlegal.org\/restoreyourvote<\/span><\/a><span style=\"font-weight: 400;\"> pou ede sitwayen ki jwenn reyens\u00e8syon yo nan sosyete a verifye kalifikasyon yo k\u00f2m elekt\u00e8, nan reponn yon seri kesyon tou senp.<\/span><\/li>\r\n<\/ul>\r\n<h4><b>Milit\u00e8 ak sitwayen ki aletranje<\/b><\/h4>\r\n<ul>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Ale sou sit ofisy\u00e8l eleksyon an pou enf\u00f2masyon sou opsyon w genyen k\u00f2m elekt\u00e8: <\/span><a href=\"https:\/\/dos.myflorida.com\/elections\/for-voters\/voting\/military-and-overseas-citizens-voting\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">https:\/\/dos.myflorida.com\/elections\/for-voters\/voting\/military-and-overseas-citizens-voting\/<\/span><\/a><\/li>\r\n \t<li style=\"font-weight: 400;\" aria-level=\"1\"><span style=\"font-weight: 400;\">Tcheke pwogram asistans federal sou kesyon vote (FVAP ann angle): <\/span><a href=\"https:\/\/www.fvap.gov\/\"><span style=\"font-weight: 400;\">https:\/\/www.fvap.gov\/<\/span><\/a><\/li>\r\n<\/ul>"}},{"acf_fc_layout":"layout_add_component","_acfe_flexible_toggle":"","component_add_component":null},{"acf_fc_layout":"layout_work","_acfe_flexible_toggle":"","component_work":{"heading":"Work","manually_curate":false,"work":null}},{"acf_fc_layout":"layout_resources","_acfe_flexible_toggle":"","component_resources":{"heading":"Related Resources","button_text":"See all Related Resources","manually_curate":false,"resource":null}}]},"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO Premium plugin v26.6 (Yoast SEO v27.1.1) - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-premium-wordpress\/ -->\n<title>Jan moun ka Vote nan Eta Florid - Common Cause Florida<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"en_US\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Jan moun ka Vote nan Eta Florid\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/\" \/>\n<meta property=\"og:site_name\" content=\"Common Cause Florida\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/wp-content\/uploads\/2024\/08\/common-cause-share-image.png\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:width\" content=\"1200\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:height\" content=\"630\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:type\" content=\"image\/png\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\/\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/\",\"url\":\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/\",\"name\":\"Jan moun ka Vote nan Eta Florid - Common Cause Florida\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/#website\"},\"datePublished\":\"2025-03-27T18:21:06+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"en-US\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/\"]}]},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Home\",\"item\":\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Jan moun ka Vote nan Eta Florid\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/#website\",\"url\":\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/\",\"name\":\"Common Cause Florida\",\"description\":\"\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"en-US\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO Premium plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Jan moun ka Vote nan Eta Florid - Common Cause Florida","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/","og_locale":"en_US","og_type":"article","og_title":"Jan moun ka Vote nan Eta Florid","og_url":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/","og_site_name":"Common Cause Florida","og_image":[{"width":1200,"height":630,"url":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/wp-content\/uploads\/2024\/08\/common-cause-share-image.png","type":"image\/png"}],"twitter_card":"summary_large_image","schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/","url":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/","name":"Jan moun ka Vote nan Eta Florid - Common Cause Florida","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/#website"},"datePublished":"2025-03-27T18:21:06+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/#breadcrumb"},"inLanguage":"en-US","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/"]}]},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/resources\/jan-moun-ka-vote-nan-eta-florid\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Home","item":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Jan moun ka Vote nan Eta Florid"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/#website","url":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/","name":"Common Cause Florida","description":"","potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"en-US"}]}},"distributor_meta":false,"distributor_terms":false,"distributor_media":false,"distributor_original_site_name":"Common Cause Florida","distributor_original_site_url":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida","push-errors":false,"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/wp-json\/wp\/v2\/resource\/2147","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/wp-json\/wp\/v2\/resource"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/wp-json\/wp\/v2\/types\/resource"}],"version-history":[{"count":16,"href":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/wp-json\/wp\/v2\/resource\/2147\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":2174,"href":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/wp-json\/wp\/v2\/resource\/2147\/revisions\/2174"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.commoncause.org\/florida\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=2147"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}